SEMINE SOU EBRE BIBLIK

 

Shalom, mwen se Roéh (Pastè), Frantz L. Doicin, aprè anpil Ané ap Etidyé Teoloji Biblik, avèk yon Anvi pou mwen konprann Bib la jan kel te ekri-a. 

Yo aprann mwen kote Bib la Ekri nan twa lang 1) Ebre 2) Grèk, 3) Arameyen. 

Anpil moun espesyalize yo nan Grèk ak latin. 

Ruakh HaKodesh (yo ban nou tankou Espri Sen). Di mwen poum espesyalizé-m nan Vrè lang Bib la te Ekri-a, kote tout lòt lang yo se Tradiksyon. 

e tout tradiksyon melanjé avèk opinyon Lòm. 

Efektivman, koulyé-a mwen se Etidyan Ebre Biblik. 

Nan tout sa map aprann san opinyon lòm, mwen vle pataje yo avèk tout moun ki vle Swiv Pawòl Yahweh san yon pakèt opinyon Katolik. 

 Sa va yon gran Benediksyon pou tout Lidè ak Kwayan. 

REFLEKSYON

Nan Shemot ( Egzod) 20 ADONAI bay 10 Komandman ( ASERET HADEVARIM). Yo di nou yo, yo pa an fonksyon anko. lom mete 10 Komandman pa yo.
nan VAYIKRA ( Levitik) 23 ADONAI mete 7 fet pou tout moun ki asepte Yeshúa Ha Mashiakh (Jezikris).
yo pa montre nou yo.
yo ranplase yo pa:
1. Noyel
2. Fet Manman
3. senvalantin
4. 1er. janvye
5. 6 Janvye
6. Etc. 
ADONAI mete 4eme komandman pou nou repoze nan prezans li. lom ranplasel pa jou Dimanch.
tout sa ADONAI mete yo, genyen yon relasyon avek relasyon nou ak ADONAI nan YESHÚA HA MASHIAKH.
Tout sa Relijyon, mete, yo genyen relasyon avek fo dye, ki se Premye komandman.
ki sa nou vle, obeyi lom, oubyen obeyi ADONAI?
pou plis sou tem sa, ale nan nan Semine-a pou nou jwenn plis detay sou jou fet ADONAI mete yo.

Kisa nou Ofri.

1. Klas pou Aprann Ekri ak Pale Ebré Biblik.
2. Tout Konsòn ak Vwayèl nan Lang Ebre Biblik la
3. Ansèyman Biblik nan Pansé Ebre-a.
Ansènyé tout sa Bib la di nan lang Ebre-a.

pou ou kapab Etidye avek nou, ale kote ki di: Semine-a epi la, wap jwenn tout Dokiman yo an Kreyol

Seminè Sou Ebre Biblik

Nou Ofri klas Ebre Biblik, bay Certificat avèk tout moun ki fini wè tout 14 Leson nou prepare avèk Esplikasyon an Kreyòl.